Djapòt
33 137 352 G

Amilèt lotri chans ak talisman ke jwè lotri ayisyen ka itilize pou ogmante chans yo pou genyen

Pifò Ayisyen apèn rantre yon to kòb kont pou bay fanmi yo manje. Lè maladi frape yon fanmi oswa yon katastwòf detwi kichòy yon zòn, fanmi ki pi pòv yo ploje pi fon nan povrete. Posoblite pouf è prevansyon pou sitiyasyon sa yo piti anpil, paske pifò Ayisyen pa peye asirans epi se kèk grenn ki gen ekonomi. Lotri a, nan bò pa li, ofri jwè yo espwa pou chanje toumant finansye an estabilite.

Daprè kèk Ayisyen, kounye a, jwe bolèt konnya enplike entèvansyon divin pou amelyore mwayen sibzistans: Jwè yo "konte sou Bondye" pou ede yo atemm objektif yo, pou devlope biznis yo ak akimile richès. Fas ak inegalite dirab ki nan sosyete a, kontrent enjis ekonomik ak chomaj fatigan, jwe bòlè ak aksepte pran risk ofri mwayen pou fè fas ak reyalite ki tèrib. Anpil jwè eksprime yon gwo kwayans espirityèl ke zansèt yo ap gide yo vè nimewo gayan yo epi akonpaye yo nan sikonstans difisil paske yo mete konfyans nan yo. Gen kèk lòt ki di ou pa ta dwe rete tann chans, ou ta dwe al chèche li.

Pafwa pi bon fason pou atire se konte sou kèk kalite amlèt oswa talisman, yon bagay ou kwè ladan epi ki ogmante chans ou pou fè siksè. Anpil jwè lotri kwè nan amlèt pou yo genyen nan bòlèt, selon yo ou ka rale chans lan si w’ sèvi avèk amlèt oswa talisman. Gen moun ki gen plis chans pase lòt, e se poutèt sa kèk moun bezwen èd amlèt oswa talisman pou pou genyen lotri.

jwè lotri ayisyen

Kisa amilèt ak talisman ye ?

Pandan tout jenerasyon ki te vin anvan nou yo, istwa ak kwayans ki soti nan plizyè kilti devlope alantou objè sa yo ki atribiye sèten efè favorab, e pi patikilyèman lè yo itilize yo nan jwèt daza.

Amilet ak talisman yo se objè (bèt oswa plant) ki, selon tradisyon popilè, pwoteje moun ki mete yo epi fè lavi yo pi fasil pandan y’ap pote bon chans pou yo. Mo "amlet" soti nan Latin nan "Amuletum", ki vle di "yon objè ki pwoteje yon moun kont yon pwoblèm".

Itilite amilèt ak talisman nan jwèt lotri

Amlet yo ka itilize ni pou pwoteje kont enfliyans negatif ak rale bon chans ala fwa, tou depann de rezon ou itilize l’ la.
Chak jwè lotri ap chache fòtin pou fè yo ere, epi kèlkeswa kilti yo, majorite nan yo swiv rituèl, oswa gen yon amlet oswa talisman, ke yo pote avèk yo toupatou. Sa pèmèt yo gen chans nan jwèt lotri yo.

Amilèt ak talisman chans ki ka ede genyen yon lotri

Fèy trèf ak 4 fèy la

Paske li difisil pou jwenn yon fèy trèf ki gen kat fèy, yo konsidere l’ tankou yon majik epi kòm yon faktè chans pou moun ki jwenn li yo. Dapre kwayans lan, tout souwè ak rèv moun ki jwenn li pa aza konsa ap reyalise.

Dayè depi nan Mwayenaj, trèf ki gen kat fèy te kòmanse konsidere kòm yon talisman ki bay lajan.

Pye lapen pou rale pwosperite

Pye lapen rete yonn nan amilèt prefere pou atire fòtin ak chans an jeneral nan sikonstans lavie, e sitou nan aksyon ki gen rapò ak jwèt daza. Ou ka itilize amilè sa lè w’ap jwe lotri an Ayiti oswa nenpòt lòt lotri ou renmen jwe

Fèracheval, yon bon amilyon bon amilèt pou atiire fòtin

Sipèstisyon sou fèracheval yo ale pi lwen pou yo di ke se jwenn pou jwenn li, se pa achte pou w’ achte l’ oswa bay li pou chans lan efikas.

Si ou vle genyen, itilize amilèt sa yo pou ogmante chans ou pou genyen. Achte yon tikè epi tann rezilta nouvo tiraj lotri yo.

Kijan pou chwazi amilèt ak talisman pou rale chans

Kiyè moun ki pa renemen pou l’ ta ere ak rich? Kesyon an ase klè. Poutan, tout moun pa gen menm kondisyon preyalab epi, pou yon rezon kèlkonk, fòtin renmen yon seri moun epi li neglije yon seri lòt.

Ou dwe konnen ki amilèt ak talisman pou seleksyone ki ka rale chans ak lajan sou ou tou depan nan ki klas ou ye, ki relijyon w‘, ki ras ou, ki sèks ou, tout afilyasyon w‘.

Amilèt ak talisman ki rale chans yo divize an kat gwoup ?

jwè lotri ayisyen

Kijan ayisyen ka itilize amilèt ak talisman pou genyen nan bòlèt

Tout ayisyen ki jwe lotri ta dwe genyen amilèt oswa talisman pou rale chans pou yo nan jwèt la. Paske lèn konsidere sitiyasyon ekonomik jwèlotri ayisyen yo, pran risk nan bòlèt san yon bagay pou ede y orale chans pou jwenn bon nimewo gayan ka vin fatal yo pou yo. Si w’ santi ou se yon moun ki gen difikilte pou jwenn nimewo gayan yo, yon amilèt oswa talisman ka ede w’. Ou ka achte l’, ou ka jwenn li nenpèt kote, ou fabrike l’ tou si gen konensans mistik oswa ou ka konsidere yon bagay kèlkonk ke w’ prefre oswa ke ou poto avè w’ toupatou epi mande l’ rale chans pou ou, ede w’ jwenn nimewo gayan lotri yo pou ka ogmant fòtin ou.

Konklizyon

Amilèt ak talisman ka ede w’ rale chans pou genyen nan lotri. Chèche mete yo bò kote w’ epi ogmante chans ou nan jwèt lotri yo, konsa wap rive reyalize rèv w’ap karese depi lontan yo ak jwèt lotri. Itilize Tchala Ayisyen an lè ou fè yon rè pou konn kisa li vle di ak ki nimewo li pote pou ou.

Si ou renmen atik nou an ou ka li tou bòlèt an Ayiti.

Genyen l' sou telefòn ou!

Tcheke rezilta yo nenpòt kote ak nenpòt lè avèk esmatòn ou!