Djapòt
33 137 352 G

Pwosedi Loto Ayiti

1. Estati ak Akseptasyon Règleman yo

1.1. Règleman Lotri sa yo (yo rele apre sa –"Règleman" yo) se pati entegral Tèm ak Kondisyon Kont Loto Ayiti (yo rele apre sa –"Kondisyon" yo).

1.2. Règleman sa yo aplike nan Jwèt, ki jwe ak Tikè ki achte sou Sit Entènèt ak nan magazen fizik.

1.3. Si gen konfli ant dispozisyon nenpòt nan dikoman yo sou Sit Entènèt la konsènan Règleman Jwèt la, Règleman prensipal Jwèt la ap gen priyorite, apre se règleman sa yo, apre se Kondisyon yo.

2. Tèm ak Definisyon

2.1. Pri Fikse – yon pri ki fikse nan Tiraj la.

2.2. Fon – montan lajan Konpayi a antre nan vann Tikè, lèw retire pri vant yo.

2.3. Liy – liy nimewo sou yon Tikè.

2.4. Pri paryaj-mityèl – Pri Tiraj la ki pataje ant tout Tikè yo.

2.5. Rezèv Pri – montan lajan, ki dispoze pou yon Tiraj patikilye.

2.6. Nimewo ki genyen yo – senk (5) prensipal ak de (2) nimewo Tiraj osò GG World, ki seleksyone nan yon Tiraj.

2.7. Tikè ki geneyen yo – yon Tikè ki genyen pou piti yon liy ki koresponn ak Nimewo ki Genyen yo Epi ki baw dwa a Prim, jan sa ye nan dispozisyon Règleman ak Kondisyon sa yo.

2.8 Tout lòt tèm gen siyifikasyon jo, ki tabli nan kondisyon yo.

3. Jwe Jwèt la

3.1. GG World Million koute 50 HTG pou jwe pa liy. Si Tikè ou acthe a gen plizyè liy, pri Jwèt la ap egal ak pri yon Liy miltipliye pa kantite Liy yo.

3.2. Jwèt la reyalize chak madi a 8:45 PM CEST ak chak vandredi a 8:45 PM CEST.

3.3. Si ou te itilize Kont ou a pou achte yon Tikè epi acha ou a pa afiche nan Istorik Tranzaksyon an ak/oswa sou Kont ou a akoz yon erè kèlkonk, alò Tikè sa pap patisipe nan okenn Tiraj.

4. Genyen yon Jwèt

4.1. Tikè ki gen Nimewo ki Genyen ladan konsidere kòm yon Tikè ki genyen.

4.2. Yon Liy ka Ba w’ dwa ak yon Prim sèlman nan Jwèt la.

5. Distribisyon Fon

5.1. Fon yo distribye nan fason sa:

    • 50% Fon yo transfere nan Rezèv Pri yo;

    • 5% Fon yo rezève pou charite ak aktivite espò.

6. Prim ak Chans pou genyen

6.1. Tablo sa etabli Règleman distribisyon rezèv Pri ak chans rapwoche pou genyen Prim nan diferan kategori:

Kategori Prim Kalite prim Chans pou Genyen Prim
Match 5+2 (Djapòt) Defini davans 1:139 838 160,00 78000000 HTG
39,57% Rezèv Pri a konsève pou Djapòt la
Match 5+1 Fikse 1:6 991 908,00 Fikse: 392889 HTG
4,02% Rezèv Pri rezève pou Match 5+1 an
Match 5 Fikse 1:3 107 514,67 Fikse: 196444 
4,52% Rezèv Pri rezève pou Match 5 la
Match 4+2 Fikse 1:621 502,93 Fikse: 78577 HTG
5,08% Rezèv Pri rezève pou Match 4+2 a
Match 4+1 Paryaj mityèl (estime) 1:31 075,15 Estimated: 8957 HTG
2,10% Rezèv Pri rezève pou Match 4+1 an
Match 3+2 Paryaj mityèl (estime) 1:14 125,07 Estimated: 1300 HTG
0,67% Rezèv Pri rezève pou Match 3+2 a
Match 4 Paryaj mityèl (estime) 1:13 811,18 Estimated: 718 HTG
0,38% Rezèv Pri rezève pou Match 4 la
Match 2+2 Paryaj mityèl (estime) 1:985,47 Estimated: 235 HTG
1,75% Rezèv Pri rezève pou Match 2+2 a
Match 3+1 Paryaj mityèl (estime) 1:706,25 Estimated: 176 HTG
1,85% Rezèv Pri rezève pou Match 3+1 an
Match 3 Paryaj mityèl (estime) 1:313,89 Estimated: 149 HTG
3,50% Rezèv Pri rezève pou Match 3 a
Match 1+2 Paryaj mityèl (estime) 1:187,71 Estimated: 125 HTG
4,95% Rezèv Pri rezève pou Match 1+2 a
Match 2+1 Paryaj mityèl (estime) 1:49,27 Estimated: 98 HTG
14,85% Rezèv Pri rezève pou Match 2+1 an
Match 2 Fikse 1:21,90 Fixed: 50 HTG
16,76% Rezèv Pri rezève pou Match 2 a

6.2. Si montan lajan, ki rezève pou lo Pri Fikse yo pi piti pase sa yon Konpayi bezwen pou peye Gayan Tikè yo Pri yo, Konpayi a ap konplete lo a apati lajan ki rezève pou lo Prim Paryaj-mityèl yo. Donk, Prim Paryaj-mityèl aktyèl yo pi piti pase sa ki prevwa nan règleman ki etabli nan seksyon 6.1 an.

6.3. Si montan lajan, ki rezève pou lo Pri Fikse yo depase montan Konpayi a bezwen pou peye mèt Tikè Gayan yo, montan ki anplis ap itilize pou ogmante lo Prim Paryaj-mityèl yo selon desizyon Konpayi a konsènan distribisyon yo.

7. Anilasyon Tikè, Ranvwa ak Anilasyon Match

7.1. Ou ka anile acha Tikè anvan ou peze bouton "Buy Ticket" a.

7.2. Konpayi gen dwa ranvwaye ak retire nenpòt Match, nan respè Tèm ak Kondisyon yo.

8. Enfòmasyon Kontak

8.1. Si ou gen nenpòt kòmantè, kesyon oswa plent, tanpri kontakte nou nan [email protected].

Genyen l' sou telefòn ou!

Tcheke rezilta yo nenpòt kote ak nenpòt lè avèk esmatòn ou!