Djapòt
33 137 352 G

TCHALA - Yon liv rèv ayisyen

Nou kapab di ke bòlèt se yonn nan jwèt aza prefere ayisyen yo paske li pi fasil pou yo epi li gen mwens egzigans. Ou sèlman bezwen gen yon boul oswa yon nimewo epi ou ka rive milyonè. Kounye a wap poze tèt ou kesyon san dout, kijan milyon sa pral fèt? Nou pral eksplike w tout bagay. An reyalite, Ayiti gen sèlman rèv li kòm pi gwo espwa pou kontinye siviv. Lèn konsidere yon peyi ki ravaje pa diktati siksesif, kote 80% nan moun ki ladan yo siviv ak mwens pase de (2) dola nan yon jounen. Sèl solisyon pou pifò nan yo se tante chans yo nan bòlèt ak espwa yap rive soti nan sitiyasyon yap travèse jounen jodi a. Se konsa kesyon bòlèt la vin gen yon popilarite ki ase enpòtan an Ayiti pou jan li soutni anpil moun ekonomikman. Anpil ayisyen pap pase yon jounen san yo pa jwe yon menm yon nimwo nan bòlèt.

Chak jou pwopriyetè bòlèt yo anrejistre yon gran kantite fich vant bòlèt, epi tou se sitou sa ki pi pòv yo ki jwe pi plis. Yo konn menm rive yo parye tout sa yo genyen sou youn oswa plizyè nimewo bòlèt, epi tann ak enpasyans tiraj la. Gayan an ka genyen jiska senkant oubyen swasant fwa valè miz li an, epi li ka plis kòb toujou si li rive fè dekabès, sa vle di si li rive jwenn tou les twa nimewo yo, se sa yo rele djapòt la. Sa pouse ayisyen yo chèche anpil mwayen pou yo genyen nan pi fasil nan bòlèt la. Paske se yon pèp ki miskik anpil, Yo chèche rekou nan mond sinatirèl la pou yo konnen nimewo ki pral soti tiraj bòlèt la pou jounen an. Nan sans sa, mwayen yo plis itilize a se rèv yo. Eleman ki parèt nan rèv yo enspire pa move lespri yo epi tout yo koresponn ak yon nimewo nan bòlèt la. Pou jwenn nimewo sa yo, tout sa ou dwe fè se konsilte yon Tchala, yon vrè Bib pou jwè lotri ayisyen yo kote wap jwenn siyifikasyon tout kalite rèv ou te ka fè.

Tchala ayisyen

 

RÈV NIMEWO KI KORESPONN
Labatwa 16.69.31.43
Jape 31
Myèl 96.06.08.49
Aksidan 96.06.05.49
Akouchman 32.56.11.33
Achte 55.07.76.36
Adiltè 29.58.69.28
Zegwi 38.11.07.17
Bay Tete 19
Alimèt 11.08.42
Altagras 12.21
Anbilans 30.37.22.42
Lanmou 12.41
Anana 73.19.11
Ti Monnen Lajan 11.78
Lajan Papye 18.11.74
Arete 36.13.24.25
Atelye 41.47.45.73
Machin 15.77.00.33
Avyon 03.29.47.85.04
Bag Maryaj 25.59
Benyen 32.25.59
Bo 23.14.22.05
Boul 14.82.46.26
Bale 55.03.14
Baton 43.61
Bannann 87.48
Bank 61.15.84.14
Batèm 88.69.58
Bato 18.68
Batay 78.11.19.32
Baton 89.40.41.88
Baza 39.62
Bèso 01.36.62.72
Bib 32.20
Bibwon 82.94
Bekàn 52.41.78
Bijou 53.41.52
Ble 01.79.09.83
Blese 09.03.42.62
Bèf 16.76.96
Bwat 81.93
Bokit 49
Labou 06.60.62.82
Balèn 65.04.59
Boulanje 03.21.32.60
Bourik 53.35.91.14
Bous 02.60.10.69
Bourèt 41
Kabrit 28.82
Kado 41.11.30.05
Kadna 97.61.22.05
Kafe 68.27.06
Kaye 32
Kayiman 29.90.60
Kana 41.42.22
Kanaval 66.67
Kazèn 00.56.31
Katedral 64.16.08.21
Sèkèy 22.31
Seremoni 02.07
Kap 32.03.21.04
Chèn 42.73
Chèz 63.16.73
Chantye 32.85
Chapo 20.28.71.11
Chaplè 04.32
Chabon 85.59.07.30
Chasè 09.59.99
Chat 74.04.14.84
Chef 22
Chen 15.75.95
Syèl 66.89
Simityè 03.13
Sinema 75
Kleren 49.14.40.36
Kle 05.64.41
Klòch 03.27.48.25
Klou 67.27.22
Kochon 58.32.22
Kòmès 74.77
Kondui 03.21.62
Konstriksyon 32.19
Kòk 11.71.01.32
Kòk Batay 11.15.64
Kòbya 04.22.61
Kostim 44.23.84
Koulèv 39.21.72
Kou 08.60
Kouto 58.54.37.09
Krab 55.30
Krè 28.19.46.62
Krapo 28.73
Kreyon 01.11
Kaka 07.
Kivèt 30.14.64
Kizin 24
Kwa 10.40.33
Krich 06.42.81.28
Kribich 30.31.32
Krapo 22.0975
Danse 79.08.86.39
Dan 31.58.15
Drapo 77.73.14.24
Dlo 89.22.05.51
Echèl 65.03.25.62
Ekri 07.21.32
Pèdi 51.54.74
Egliz 95.75.18
Eleksyon 68
Ansent 20
Timoun 04.13.25
Ènmi 60.04.73.32
Antèman 09.91.10.66
Koulin 62.14.96
Epeng 73.06
Eskalye 06.36
Etwal 82.12.22.04
Etidye 57.73
Fatra 85.86
Fanm 12.05.50.42
Fè Pou Pase Rad 44.16
Genyen 82.54.26
Gato 52.48.50
Jandam 25.50.03.49
Glas 32.92.22
95.36
Gita 83.31.75.89
Rach 36.10.32
Ranyon 57.53
Zèb 89.12.43
Gason 19.02.11.91
Lopital 60.42.32
Otèl 42.32.44.69
Ougan 37
Imaj 66.79.57
Imakile 50.12.08
Enprimri 07.41.73.30
Ensidan 04.27.61.83
Mo sal 19.41.05.47
Enjistis 82.61
Inondasyon 32.85
Envazyon 01.51.20
Sou 10.32.51
Jalouzi 05.22.80
Jaden 41.01.32
Ja 31.86
Jwèt 14.52.21.62
Jounal 96.21.62
Jij 42.89.51
Jipon 80.95
Kola 16.85
Kodak 86.04
Laboure 01.29.41.91
Lenn 04.45.78
Lèt 75.72.13
Latrin 05.81
Lave 30.66.28
Legim 47.29
Lesiv 03.30
Lèt (Ekri) 66.12
Lenj 27.43.65.75
Lyon 04.42
Li 07.06.42
Kabann 57.59.46
Liv 43
Lougawou 37.47
Limyè 28.80.42
Lalin 15.41.17.06
Linèt 88.85.52
Magazen 37.22
Mayi an gren 20.18.97
Mayi Moulen 27
Majistra 00.50.21
Malad 66.67.58.75
Manje 57.40
Machann 07.
Mache 27.25
Madigra 37.11.77
Mato 51.62
Matla 04.03
Mekanik 21.63
Melon 11.82.29.62
Lanmè 07.18
Lamès 92.93.05
Mèb 20
Glas 29.84.22
Monsegnè 78.79
Mòn 12.50
Metrès 13.22.00
Mont 25.90.21
Moun mouri 08.33.74
Motosiklèt 53.21
Mouch 45.25.09
Mouchwa 84
Moustik 35.96
Mizisyen 39
Mi 44.67
Milèt 34.43
Miskad 10.45.28.65
Ze 60.00.13.16.75.87
Parapli 27.57
Zwazo 47.60.27.02
Loray 44.99.22.47
Zoranj 44.02.40.13
Zouti 29
Pay 27.48.41.04
Pen 60.33.58.50
Palè 53.09
Panye 19.69.89
Pantalon 88.20.77
Papye 79.07
Papiyon 02.94.12.35
Parapli 80.57.21
Pafen 91.23
Paspò 79.15
Patat 03.30
Pate 89.02
Pyano 98.99.29
Pijon 24.15
Piman 71
Pentad 33.13.73
Pip 56.12.17
Plenn 72.21.26.43
Planch 81.88
Plante 97
Lapli 11.22.99.21
Plim 07.22.33.18
Pwa 87.19.90
Pwason 27.18.78
Lapolis 04.44
Pòm 28.59
Pon 12.73
Poul 23.70.37
Prezidan 11.26.45.79
45.16
Pinèz 97.99.30
Bouzen 66.21
Radyo 43.24
Rezen 19.90.42
Rara 79.97
Rat 29.90.26
Ravèt 48.33.30
Ravin 01.
Recho 13
Reken 45
Rèn 56.31.82
Restoran 68.28.78
Zam 44.45.30
Richès 50.51
Rido 51.53.45
Rigòl 56.85
Ri 64.13
Rivyè klè 19.33
Rivyè sal 07.09.23
Wòb 02.51.21.75
Wòch 25.96.21
Wa 27.56.78
Woz 32.35
Sab 89.97
Sak 33.78
San 45.61.05
Sandal 09.52
Sosis 08.97.22
Savon 76.34.15.92
Sèl 09.16.18
Siwo 82.90
Swaf 25.75.51
Solèy 61.25.33
Soulye 88.11.28
Soup 38.45.58
Sourit 15.29.05.89
Soutyen 61.06.43
Sik 06.
Sirèt 38.51.56
Estati 19.55.66
Tabak 21.32.43.51
Rab 37.04
Tablo 17.60
Tanbou 30.28
Tapi 17
Telefòn 70
Teren 65
Teyat 80.02
Tòl 63
Tomat 74.45
Tonb 67.08
Tren 73.12.70
Travay 54.25.78
Tribinal 35.37
Twou 07.09
Twonpèt 32
Tiyo 22.05.34
Izin 19.27
Van 75.86.32
Vòlè 59.47.07
Vwayaj 44.61.92.16.08.21

Kisa tchala ye?

Tchala se yon livrè ke pwopyetè bòlèt yo kreye nan objektif pou fasilite jwèt bòlèt la an Ayiti. Se yon maryaj eleman natirel ak sinatirèl ki relye ak yon ansanm nimewo ki pral defini rèv jwè a. Chak eleman lye ak de (2) oubyen twa (3) nimewo byen defini. Pwopriyetè bòlèt yo pran ansanm siyifikasyon sa yo, yo fòme dokiman sa pou ede jwè ayisyen yo genyen pi fasil nan bòlèt la.

Ki kote tchala soti?

Nan milye ayisyen an, rèv pa yon senp evenman. Chaj rèv ayisyen an koresponn ak yon bagay nan reyalite, tankou yon evenman ki pral pwodwi nan lavi yo, byen oswa mal. Anpil ayisyen gen yon kapasite mistik pou detekte kisa rèv sa yo vle di. Se konsa yo rive refere rèv sa yo ak yon nimewo chans ki pral soti nan tiraj bòlèt kap fèt pandan jounen apre rèv la te fèt la. Se la Tchala vin pran nesans kote yo rasanble tout sa ou ka wè nan rèv ou epi yo asyosye l’ ak yon nimewo bòlèt la. Se konsa, chak lè jwè a fè yon rèv, li ale konsilte Tchala l', menm jan lè w' fè fas ak yon mo enkoni ou ale chache l' nan yon diksyonè. Sa vle di Tchala nan zafè bòlèt, se yon gid ki lye ansanm ak mès kiltirèl jwèt la. Menm si jwèt bòlèt la pa chita sèlman sou Tchala sèlman paske gen plizyè fason jwè bòlèt la kapab rive detèmine boul li oubyen nimewo chans li an, tankou: Kalki teknik nimewo ki te soti nan tiraj pase yo, ak lòt mannyè ankò... Men Tchala se yonn nan fason ki plis itilize yo.

Kijan pou itilize tchala a – kèk egzanp rèv ak nimewo ki koresponn

Si ou reve yon moun ki mouri deja gen yon nimewo ki koresponn ak sa. Selon eksperyans moun ki ansyen nan domèn nan, yo fè konnen ke si mò a pale li vle di yon bagay, si li pa pale li vle di yon lòt bagay. Se konsa kèlke swa sa ou ta wè nan rèv la gen yon siyifikasyon mistik oswa yon nimewo ki ka fè w’ rive rich. Pa egzanp, si ou reve yon aksidan, gen kat nimewo li ka bay: 96, 06, 05 ak 49. Si ou reve yon akouchman, li ka bay 32, li ka bay 56, li ka bay 11 konsa tou li ka bay 33. Tribinal bay 35, 37; telefòn bay 70; van bay 76, 86, 32; madigra bay 37, 11, 77; elatriye…

Tchala

Sa vin fè ke nan zafè jwèt aza an Ayiti, Bòlèt ak tchala makonen ansanm pou bay jwè yo satisfaksyon y’ap chèche a nan bòlèt la. Ak yon tchala jwè ayisyen an gen plis konfyans ak asirans ke li ka rive yonn nan gayan yo. Li rete konfyan ke li ka rive milyonè yon jou si li rive jwenn nimewo gayan yo. Se sak fè wap wè ke majorite antrepriz ayisyen, menm si li pa nan domèn bòlèt, toujou ofri kliyan yo yon tchala chak fen ane nan do kalandriye pwochen ane a pou remèsye yo pou fidelite yo. Sa se yon jès ki montre konbyen tchala a enpòtan nan kominote ayisyèn nan. Li se yon pyon enpòtan pou jwè lotri ayisyen yo.

Si ou renmen atik sou tchala nou an – Li yon atik sou bòlèt New York tou, wap jwenn plis enfòmasyon sou Lotri Ayisyen ki pi popilè a.

Genyen l' sou telefòn ou!

Tcheke rezilta yo nenpòt kote ak nenpòt lè avèk esmatòn ou!