Djapòt
33 137 352 G

Politik konfidansyalite

1. Estati ak Akseptans Politik Konfidansyalite

1.1. Politik Konfidansyalite sa (ke yo rele tou "Politik") defini règleman jeneral kòlèt, trètman, distribisyon, itilizasyon ak konsèvasyon Done Pèsonèl Iltilizatè a pa Konpayi a  pandan itilizasyon Sit Entènèt la ak/oswa dirèkteman sou demand nou. 

1.2. Chak Itilizatè dwe li atantivman ak respekte Politik sa. Se dakò ak konsidere ke gras ak Sit Entènèt sa oubyen nanlòt fason, lè ou bay nou enfòmasyon dirèkteman sou demand nou, Itilizatè a te li konplètman, konprann ak aksepte Politik sa. Si nenpòt Itilizatè pa dakò ak Politik sa an jeneral oswa nenpòt pati nan li, Itilizatè sa pa dwe aksede oswa itilize Sit Entènèt la.

1.3. Konpayi a gen dwa modifye oswa amande Politik sa, sou pwòp desizyon l’ sèlman. Tout revizyon Politik Konfidansyalite sa ap poste sou paj akèy Sit Entènèt nou an. Si nou fè chanjman nap enfòme w’ pa revizyon dat la nan tèt paj Politik la. Anplis, si vèsyon modifye a gen ladan nenpòt chanjman sibstansyèl nan fason enfòmasyon pèsonèl ou yo pral trete, nap enfòme w’ anvan sa pandan nap poste notifikasyon chanjman an nan espas Politik Konfidansyalite Sit Entènèt nou an. Nou vrèman rekòmande w’ vizite Sit Entènèt la tanzantan pou revize tout chanjman ki ka fèt nan Politik Konfidansyalite a pou rete enfòme konsènan enfòmnasyon pratik nou yo ak dwa ak chwa w’ nan sa ki gen pou wè ak Politik Konfidasyalite. Kontinye itilize Sit Entènèt sa vle di ou aksepte amandman sa yo

1.4. Politik la ap konsidere kòm pati entegral Tèm ak Kondisyon Kont Loto Ayiti (yo rele aprè –"Kondisyon"). Nan sa ki gen pou wè ak aspè ki pa reglemante nan Politik sa, Kondisyon yo ak Lwa Aplikab la ap aplike nan relasyon soti nan dokiman sa.

1.5. Se obligasyon ak reskonsablite pèsonèl chak anplwaye pou aji nan yon fason ki konfòm ak Politik sa.

1.6. Tout anplwaye dwe siyale nenpòt enfraksyon, vyolasyon, risk, ensidan, ak plent, selon ka a.

2. Definisyon

2.1. Kont – Yon kont pèsonèl ki kreye ak jere ak pa Itilizatè a sou Sit Entènèt la.

2.2. Lwa Aplikab – lwa Ayiti ki aplikab nan kad Politik sa pou nenpòt ak tout relasyon ant Itilizatè a ak Kon payi a.

2.3. E-borlette, Avenue Barranquilla 98, HT9110, Jacmel-Haiti, No. de patente: 11707027587 (ke yo rele tou "Sosyete", "nou", "pa nou") – yon konpayi ki kreye nan akò ak lwa Ayiti yo pou ofri Sèvis Lotri bay Itilizatè Sit Entènèt la.

2.4. Anplwaye – anplwaye.

2.5. Jwèt – nenpòt jwèt, reyalize pa Konpayi a sou Sit Entènèt la kòm pati Sèvis Lotri li yo.

2.6. Sèvis Lotri – nenpòt (piblik oswa prive) sèvis lotri ak jwèt lajan, ofri pa Konpayi a sou Sit Entènèt la.

2.7. Done/enfòmasyon Pèsonèl – enfòmasyon ak ansanm enfòmasyon ki ka asosye ak yon moun espesifik (Itilizatè a) epi ki ka itilize pou idantifye moun sa.

2.8. Polik Konfidansyalite– Politik Konfidansyalite sa ki poste sou paj akèy Sit Entènèt la ki ka revize oswa aktyalize tanzantan jan sa endike nan seksyon 1.3 Politik Konfidansyalite sa.

2.9. Prim – yon pri yon itilizatè genyen atravè yon tikè.

2.10. Enskripsyon – pwosesis kreyasyon yon Kont sou Sit Entènèt la.

2.11. Tikè – yon antre nan jwèt la.

2.12. Itilizatè (yo rele tou "ou", "pa ou") – mèt kont lan sou Sit Entènèt la, ki pa te anile, sispann oswa fèmen.

2.13. Sit Entènèt – sit entènèt la kap jere ak posede pa Konpayi a nan adrès sa  https://lotto.ht

3. Objektif itilizasyon done pèsonèl yo

3.1. Nou ranmase nan men itilizatè yo sèlman done pèsonèl ke nou bezwen pou pwòp itilizasyon yo de Sit Entènèt la pou ofri Sèvis Lotri. Pou plis presizyon, nou itilize enfòmasyon pèsonèl ou pou:

    • administre Sit Entènèt nou an epi ofri Sèvis Lotri, ki gen ladan, pami lòt pou:

        ◦ verifye ke ou achte Tikè sou non w’ sèlman;

        ◦ verifye ke ou fè retrè sou non w’ sèlman;

        ◦ verifye ke ou elijib pou jwe Jwèt la;

        ◦ verifye si ou ranpli lòt obligasyon yo ki endike nan Kondisyon sa yo;

    • konfòme w’ ak règleman AML/KYC ak lòt règlemantasyon nan akò ak Lwa Aplikab la;

    • pèsonalize Sit Entènèt nou an pou ou;

    • voye notifikasyon teknik, asistans, ak mesaj administratif pou ou;

    • kominike avèk ou konsènan pwodwi yo, sèvis, powomosyon, evenman ak lòt aktyalite ak enfòmasyon nou panse k’ap enterese w’;

    • siveye ak analize, itilizasyon, ak aktivite ki konekte ak Sit Entènèt nou an ak Sèvis nou yo;

    • ofri tyès Pati yo enfòmasyon estatistik konsènan Itilizatè (men tyès Pati sa yo pap ka idantifye okenn itilizatè endividyèl apati enfòmasyon sa);

    • detekte, envestige ak prevwa trazaksyon fo ak aktivite ilegal epi pwoteje dwa ak pwopriyete Konpayi a ak lòt ankò;

    • relye oswa konbine Enfòmasyon Pèsonèl nou ranmanse nan oswa konsènan ou menm.

4. Dwa itilizatè yo

4.1. Ou gen dwa aksede ak Enfòmasyon Pèsonèl kont ou, retire konsantman w’ pou trètman done yo, jwenn enfòmasyon si done pèsonèl ou yo ap trete ou non ak mande koreksyon, aktyalizasyon oswa efase done enkòrèk ak/oswa ki pa egzat lè ou kontakte nou nan [email protected]. Sepandan, demand sa dwe nan akò ak Kondisyon yo. Nap efase Done respektiv ou yo nan tout sous nan 24 èdtan apati moman nou resevwa yon demand konsa nan men w’.

4.2. Pou fèmen Kont ou a ak efase done pèsonèl ou yo konplètman, tanpri voye yon imèl pou nou nan [email protected] ak yon demand ki respekte Kondisyon yo ak Lwa Aplikab la.

4.3. Ou gen dwa resevwe enfòmasyon sou aktivite trètman nan men Konpayi a.

4.4. Ou gen dwa transfere done nan yon fòma machin ka li.

4.5. Ou gen dwa depoze yon plent devan kontwòl ototite lokal yo, ki otorize pou revize yon plent konsa.

4.6. Ou gen dwa epi ou ka egzèse nenpòt dwa ak libète ki garanti pa Règleman jeneral sou Pwoteksyon Done (the GRPR) nan sa ki gen pou wè ak trètman Done pèsonèl si ou antre nan chan aplikasyon matryèl ak tèritoryal ki defini nan GDPR la.

5. Kòlèt ak trètman Done Pèsonèl yo

5.1. Nou kolekte Done Pèsonèl ki soti nan eksplwatasyon Sit Entènèt la epi nou itilize Done Pèsonèl ou bay nou yo. Nou ka kolekte Done Pèsonèl sa yo:

    • telefòn ak adrès imèl;

    • non konplè ak ti non jwèt;

    • dat nesans ak sèks;

    • adrès, peyi, eta, vil, kòd postal.

5.2. Nou gen dwa angaje yon òganis pou menenn yon pwosedi KYC. Si sa ta rive, pwosedi yo nan akò ak politik entèn konfidansyalite òganis lan.

5.3. Lè ou anrejitre sou Sit Entènèt la epi bay konsantman w’ pou kòlèt, estokaj ak trètman Done Pèsonèl ou yo, ou garanti ke ou te li ak konprann Politik sa.

5.4 Nou gen dwa kolekte nenpòt Done, ki gen ladan Done ki pa pèsonèl pa nati tankou:

    • enfòmasyon pèman;

    • nenpòt lòt enfòmasyon nou jije nesesè jan sa ye nan Politik Konfidansyalite ki nan dikoman sa ak Kondisyon yo.

5.5. Lè ou vizite Sit Entènèt nou an oswa itilize pwoidwi nou yo, nou otomatikman kolekte Done Pèsonèl ou voye bay nou sou òdinatè ou a, telefòn, oswa yon lòt aparèy aksè. Done Pèsonèl sa ka gen ladan:

    • adrès IP ou;

    • enfòmasyon aparèy la ki gen ladan, men pa limite ak, idantifye, non, ak kalite, sistèm ekplwatasyon;

    • enfòmasyon sou rezo mobil;

    • enfòmasyon nòmalize sou jounal Wèb yo, tankou kalite navigatè ou, ak paj ou vizite sou Sit Entènèt nou an, tan aksè, chimen navigasyon Sit Entènèt la.

5.6. Konpayi a kolekte kèk Done otomatikman, tankou enfòmasyon konsènan aparèy yo (ki gen ladan aparèy mobil yo), ke ou itilize pou aksede Sit Entènèt la, adrès IP aparèy ou a, navigatè ak sistèm aksplwatasyon ou itilize yo, dat, lè, done lokalizasyon gewografik aksè ou sou Sit Entènèt la. Toutfwa, nou pa pral revele enfòmasyon idantifikasyon pèsonèl ou nan kalite sa bay okenn tyès pati sans konsantman w’, sof nan ka ki prevwa pa dokiman sa.

5.7. Nou pa trete okenn Done Pèsonèl sansib, tankou relijyon, ras, orijin etnik ak/oswa opinyon politik.

5.8. Nou kapab tou itilize yon founisè sèvis tyès, ke nou konfye estokaj Done yo, kòlèt ak analiz yo. Sa fèt nan lide pou pèmèt ou jwenn pi bon sèvis epi rann kolaborasyon nou pi efikas ak pi bon benefis pou ou. Tyès Pati sa yo gen pwòp Politik Konfidansyalite yo ak pwòp kondisyon yo, ke se pou kolekte Done ou yo oswa refize yo. donk, nou rekòmande w’ familyarize w’ ak kopndisyon founisè sèvis tyès la si wap itilize lòt sèvis sou Sit Entènèt nou an. Nou pa pral chèche jwenn enfòmasyon pèsonèl ou sou okenn lòt platfòm lojisyèl, resous wèb done elatriye., menm si enfòmasyon sa enpòtan pou Ou ak itilizasyon w’ de Sit Entènèt la.

5.9. Ou dakò bay Enfòmasyon Pèsonèl ki espesifye nan dokiman sa epi ou dakò ke nou oswa patnè nou yo ka trete ak estoke Done Pèsonèl ou bay yo (jan sa endike nan seksyon 5.8 dokiman sa) pandan peryòd tan ki pratikman nesesè pou objektif enfòmasyon ka itilize a.

5.10. Konpozan Done pèsonèl ki endike anba a ka modifye tanzantan selon Lwa Aplikab la ak bezwen nou ki pral mansyone nan Politik sa. Nou pa pral kolekte okenn lòt Done Pèsonèl eksepte sa ki mansyone nan dokiman sa jiskaske nou amande ak pibliye amandman sa yo nan Politik la sou paj akèy Sit Entènèt nou an.

5.11. Ou gen dwa mande mezi pwoteksyon enfòmasyon pèsonèl yo nan ka kote Done ou yo transfere deyò chan aplikasyon tèritoryal la jan sa defini nan GDPR si ou tonbe anba chan aplikasyon materyèl ak tèritoryal li.

6. Pwoteksyon ak Pataj Done Pèsonèl yo

6.1. Nap fè nenpòt ak tout efò ak aksyon ki preskri pa Lwa Aplikab la pou konsève tout Done Pèsonèl ou nan yon fason sekrè, pwoteje Done Pèsonèl kont pèt aksidantèl, difizyon ak destriksyon, kont trètman ilegal oswa aksè ilegal.

6.2. Nou konsève ak trete Done pèsonèl ou sou sèvè nou yo nan divès jiridiksyon, kote enstalasyon ak founisè sèvis nou yo ye. Lè ou soumèt Done Pèsonèl ou, ou dakò ak transfè, estokaj, oswa trètman sa. Nap pran tout mezi rezonab ki nesesè pou asire ke Done Pèsonèl ou trete nan sekirite ak nan akò ak Politik sa. Nou pwoteje Done Pèsonèl ou selon nòm ki rekoni entènasyonalman, ak mezi sekirite fizik, teknik, ak administratif pou redwi risk pèt, itilizasyon malveyan, aksè ki pa otorize, difizyon, ak falsifikasyon. Kèk nan mezi sekirite nou itilize yo se dispozitif pare-dife ak kriptaj Done, kontwòl aksè fizik nan sant Done nou yo, ak kontwòl otorizasyon aksè nan enfòmasyon. Nou otorize aksè nan Done Pèsonèl yo tou sèlman pou anplwaye sa yo oswa kontraktan ki bezwen yo pou reaylize travay yo oswa reskonsablite pwofesyonèl yo. Tout mezi fizik, elektwonik, ak metodolojik nou yo fèt pou respekte Lwa ak reglemantasyon Aplikab yo. Tyès Pati yo ka lokalize nan peyi kote kote lwa pou trètman Done Pèsonèl yo ka mwens sevè ke nan peyi nou an. Tanzantan, Done Pèsonèl la ka konsève nan lòt kote, e nan yon ka konsa, nap asire nou ke Done Pèsonèl yo konsève ak trete nan nivo swen ak sekirite ki rezonab.

6.3. Nou gen dwa nou pou pataje Done pèsonèl ou ak pati sa yo nan ka sa yo:

    • konpayi nou prevwa fizyone avèl oswa rachte nou (tout oswa yon pòsyon nan aktivite nou);

    • konpayi nou lye avèk yo, oswa pandan negosyasyon, tout vant aktif Konpayi a oswa finansman pa yon lòt konpayi;

    • founisè sèvis ki fè nenpòt travay pou nou (founisè lojman, verifikasyon idantite, asistans, pèman, ak founisè sèvis imèl);

    • pou reponn yon demand pou enfòmasyon si nou kwè ke difizyon an nan akò ak, oswa rekòmande pa, tout lwa aplikab reglemantasyon oswa pwosesis legal;

    • si nou kwè ke aksyon ou yo nan kontradiksyon ak akò a oswa Politik Itilizatè nou yo, oswa pou pwoteje dwa, pwopriyete, ak sekirite Konpayi a oswa lòt ankò;

    • ant ak pami Konpayi a ak sosyete paran li yo, afilye, filyal, ak lòt konpayi ki sou kontwòl ak posesyon komen atyèl ak fiti;

    • lè nou kwè, sou pwòp desizyon nou, ke difizyon Enfòmasyon Pèsonèl yo nesè pou siyale yon aktivite ilegal sispèk oswa pou mennen envestigasyon sou vyolasyon Kondisyon nou yo;

    • si yo mande nou difize nenpòt Done Pèsonèl ak detay sou nenpòt Prim ki genyen/reklame pa ou oswa remèt ou.

6.4. Nou pap bay okenn lòt itilizatè sit entènèt oswa tyès Pati Done Pèsonèl ou apa de sa ki dekri nan seksyon 6.3 nan dokiman sa san konsantman ou oswa enstriksyon w’.

6.5. Nou pap vann oswa lwe Done Pèsonèl ou ak/oswa kliyan ki nan lis tyès Pati yo san konsantman klè w’.

6.6. Nou kapab konbine Done Pèsonèl ou ak enfòmasyon nou kolekte nan lòt konpayi epi itilize l’ pou amelyore ak pèsonalize Sit Entènèt nou an ak pwodwi nou yo, ni kontni ak piblisite nou yo tou.

6.7. Nou kapab itilize non w’ ak adrès imèl ou pou ofri w’ enfòmasyon konsènan pwodwi oswa sèvis ki ka enterese w’, men nou pa pral itilize Done Pèsonèl ou san nou pa konfòme nou ak Lwa Aplikab la epi, kote sa mande, jwenn konsantman w’.

6.8. Sèvis nou yo kapab, tanzantan, gen lyen ki ale epi ki soti nan sit entènèt rezo patnè, anonsè, ak afilye nou yo, (ki gen ladan, men pa limite ak, Sit entènèt ke Sit Entènèt la fè piblisite sou li). Si ou swiv yon lyen ki ale nan sit entènèt sa yo, tanpri pa bliye ke sit entènèt sa ak tout sèvis ki kapab aksesib sou yo gen pwòp kondisyon ak politik konfidansyalite yo e ke nou pa aksepte okenn reskonsablite pou politik sa yo oswa pou nenpòt Done pèsonèl ki ka kolekte sou sit entènèt oswa sèvis sa yo, tankou kontak ak done lokalizasyon. Tanpri verifye politik sa yo anvan ou soumèt nenpòt done pèsonèl bay sit entènèt sa yo oswa itlize sèvis sa yo.

6.9. Nou ka otorize lòt tyès bay sèvis analitik nan non nou nan kad sèvis nou yo. Antite sa yo ka itilize fichye temwen (cookies) ak lòt teknoloji pou kolekte enfòmasyon konsènan itilizasyon w’ de sèvis yo ak lòt sit entènèt ak aplikasyon (si genyen), ki gen ladan adrès IP ou, navigatè wèb, paj ou wè, pèfòmans aplikasyon, kantite tan ou pase sou paj yo ak lyen ou klike. Enfòmasyon sa kapab itilize pa Konpayi a ak lòt pou, pami lòt bagay, analize ak retrase done, detèmine popilarite pou sèten kontni epi konprann aktivite anliy ou yo plis.

7. Estokaj ak Konsèvasyon Done

7.1. Nan akò ak Lwa Aplikab la ak selon bewzwen pou ofri itilizatè nou yo sèvis, nou ka konsève ak kenbe Done Pèsonèl ou yo sou rezèv entegrite yo ak apwoch ki apwopriye ak yo. Demand sa kondisyone pa bezwen pou respekte obligasyon legal yo ak rezoud konfli ki posib yo. Nou ka kenbe Done Pèsonèl ou yo toutotan Kont ou a aktif. Anplis de sa, Done Pèsonèl ou yo ka konsève apre delè ki sot mentyone a toutotan li endispansab pou nou pou nou gen enfòmasyon nesesè pou reponn nenpòt kesyon ki ka vini apre.

8. Sekirite

8.1. Nou itilize sekirite elektwonik ak pwosediral ki pètinan pou pwoteje konfidansyalite enfòmasyon ou bay nou yo kont pèt, itilizasyon malveyan, difizyon, falsifikasyon, ak destriksyon. Tanpri pa bliye ke transmisyon done oswa enfèmasyon (ki gen ladan kominikasyon pa imèl) sou entènèt oswa sou lòt rezo ki aksesib a piblik pa sekirize a san pousan. Tanpri pa bliye ke nou pa reskonsab sekirite okenn Done wap transmèt sou entènèt, oswa kontni tyès pati.

8.2. Tout sèvè nou yo ki itlize pou konsève ak pou trete Done pèsonèl ou yo respekte Nòm Sekirite Done Endistri Kat Pèman.

8.3. nenpòt tyès Pati nou pataje Done Pèsonèl ou avèl ap ofri omwens menm mwayen pwoteksyon Done yo, jan li defini nan Politik sa.

9. Temwen Koneksyon (cookies)

9.1. Lè ou aksede Sit Entènèt la, nou (oswa Google Analytics oswa yon founisè sèvis menm jan an nan non nou) ka plase ti fichye Done ki rele cookies sou òdinatè ou a oswa yon lòt aparèy. Nou itilize teknoloji sa yo pou rekonèt ou kòm Itilizatè nou, pèsonalize Sit Entènèt nou an, konprann itilizasyon ak detèmine efikasite kanpay maketin pa imèl yo, mezire efikasite pwomosyon ak kolekte enfòmasyon konsènan òdinatè w’ la (jan sa dekri nan seksyon 5.6 nan dokiman sa) oswa lòt dispozitif aksè pou diminye risk, ede prevwa frod, epi ankouraje konfyans ak sekirite. Baliz Wèb (oswa piksèl envizib) se imaj elektwonik ki ka itilize nan sèvis wèb nou yo oswa imèl pou ede delivre temwen koneksyon (cookies), konte vizit sit entènèt, konprann itilizasyon ak detèmine efikasite kanpay maketin pa imèl yo.

9.2. Nou itilize kalite Temwen Koneksyon (cookies) sa yo:

    • temwen koneksyon (cookies) sesyon;

    • temwen koneksyon (cookies) piblisite;

    • temwen koneksyon (cookies) tyès pati (Facebook Pixel, Google Analytics). Tyès pati sa yo gen pwòp politik konfidansyalite yo ak pwòp kondisyon yo, kèlkeswa se pou kolekte done oswa pou refize yo. donk, nou rekòmande w’ familyarize w’ ak kondisyon tyès founisè sèvis la.

9.3. Ou ka kontwole itilizasyon temwen koneksyon (cookies) an nan nan navigatè entènèt ou a. Si ou refize oswa efase kèk temwen koneksyon (cookies), konsyan ke pèfòmans kaarakteristik ak fonksyon ki lye avèk li yo nan Sit Entènèt la ak Sèvis nou yo ka afekte. Ou dwe chèche plis enfòmasyon sou fason pou dezaktive temwen koneksyon (cookies) oswa jere paramèt temwen koneksyon ou yo pou navigatè ou itilize nan lis sa:

    • Google Chrome

    • Mozilla Firefox

    • Microsoft Edge

    • Safari

    • Opera

Tanpri pa bliye ke dezaktive tout temwen koneksyon (cookies) oswa oswa tout temwen koneksyon (cookies) nou yo nan paramèt navigatè sèlman, ka fè ke kèk seksyon oswa fonksyon nan Sit Entènèt nou an pa fonksyone. Sepandan, nou rekòmande itilize Paramèt Tewen koneksyon (cookies) yo sou Sit Entènèt nou an olye dezaktive tout temwen koneksyon (cookies) yo nan navigatè entènèt ou a.

9.4. Si ou vle anpeche Google Analytics retrase w’, tanpri vizite paj dezaktivasyon Google Analytics la.

10. Detay Kontak

10.1. Si ou gen nenpòt kesyon ki gen rapò ak Politik Konfidansyalite sa, tanpri kontakte nou nan [email protected].

Genyen l' sou telefòn ou!

Tcheke rezilta yo nenpòt kote ak nenpòt lè avèk esmatòn ou!