Djapòt
33 137 352 G

Tèm ak kondisyon

1. Tèm ak kondisyon estati ak akseptasyon

1.1. Tèm ak Kondisyon kont sa yo (ki site aprè a –"Tèm" yo) Konstitye yon ant ou menm, Lè ou louvri yon Kont epi itilize l’ pou jwe sou Sit Entènèt Loto Ayiti a (ki rele aprè –"sit entènèt" la) nan yon bò, ak pwopriyetè Sit Entènèt la, {kompayi} nan lòt bò a.

1.2. Tèm sa yo aplikab pou tout sèvis Lotri, Kontni, ak enfòmasyon Konpayi a ofri sou Sit Entènèt la.

1.3. Lè ou louvri yon Kont, ou dakò lye ak kondisyon sa yo nan akò ak Lwa ki Aplikab la. Li rekonèt ak konsidere otomatikman ke dèske wap itilize Sit Entènèt la, pwopriyetè respektif la te li, konprann ak aksepte Kondisyon sa yo. Si ou pa dakò ak yon pati kèlkonk nan Kondisyon yo, ou pap ka aksede osinon itilize Sit Entènèt la.

1.4. Konpayi a rezève dwa pou modifye ak amande Kondisyon sa yo pou li menm sèlman. Nenpòt revizyon nan Kondisyon sa yo ap afiche sou paj akèy Sit Entènèt nou an. Si nou fè chanjman, n’ap avize w’ pa revizyopn dat la ki nan tèt Kondisyon sa yo. 

Tout dispozisyon nouvo ak/osinon revizyon nan Kondisyon sa yo ap antre nan aplikasyon imedyatman epi aplike a itilizasyon w’ de Sit Entènèt la apati dat sa.

Nou vrèman rekòmande w’ vizite Sit Entènèt la tanzantan pou revize tout chanjman ki ka fèt nan Kondisyon sa yo pou rete enfòme konsènan enfòmasyon pratik nou yo ak dwa epi chwa w’ konsènan vi prive w’. Kontinye itilize Sit Entènèt la vle di ou aksepte chanjman sa yo.

2. Definisyon

2.1. Kont – Yon kont pèsonèl kreye ak administre pa Itilizatè a sou Sit Entènèt la.

2.2. Lwa Aplikab – lwa Ayiti yo ki aplikab nan kad kondisyon sa yo pou tout relasyon ant Itilizatè a ak Konpayi a.

2.3. Reklamasyon – resevwa yon Pri nan yon magazen fizik.

2.4. Tiraj yon Jwèt, ke rezilta yo detèmine pa yon Tiraj.

2.5. E-borlette, Avenue Barranquilla 98, HT9110, Jacmel-Haiti, No. de patente: 11707027587 (ke yo rele tou "Sosyete", "nou", "pa nou") – yon Sosyete ki pran nesans nan respè lwa Ayiti yo nan objektif pou bay Itilizatè Sit Entènèt la Sèvis Lotri.

2.6. Jwèt – tout Jwèt, konpayi a reyalize sou Sit Entènèt la nan kad Sèvis Lotri li yo.

2.7. Istirik Jwèt yo – enfòmasyon Konpayi a anrejistre konsènan Jwèt Itilizatè a te jwe sou Kont li.

2.8. Règleman Lotri a– Règleman ak Kondisyon Konpayi a etabli ajoute sou Kondisyon sa yo ki Aplikab pou Jwèt ki sou Sit Entènèt, ki gen ladan, san limitasyon, Règleman Jwèt la, Prim Jwèt la, kòman ou ka genyen jwèt la, Estrikti Prim nan, ak tout lòt enfòmasyon nesesè konsènan Jwèt la.

2.9. Sistèm Lotri Santral – sistèm enfòmatik, itilize pa osinon nan non Konpayi a pou bay sèvis Lotri.

2.10. Sèvis Lotri – tout Sèvis Lotri ak Jwèt lajan (piblik oswa prive), Konpayi a ofri gras ak lojisyèl Lotri a.

2.11. Lojisyèl Lotri – Lojisyèl, kreye, konsevwa ak devlope nan objektif pou ofri sèvis Lotri, itilize pa Konpayi a.

2.12. Prim – yon pri yon Itilizatè genyen atravè yon Tikè.

2.13. Enskripsyon – pwosesis pou kreye yon Kont sou sit entènèt la.

2.14. Abònman – abònman nan sèvis siplemantè, Konpayi a ofri nan yon pri renouvlab nanentèval regilye.

2.15. Tikè – yon aksè nan yon Jwèt.

2.16. Istorik Tranzaksyon – Enfòmasyon Konpayi a estoke sou operasyon avèk lajan sou Kont Itilizatè a.

2.17. Itilizatè (ke yo rele tou "Jwè", "ou", "pa w’") – pwopriyetè Kont lan sou Sit Entènèt la, ki pa siprime, sispann oswa fèmen.

2.18. Sit Entènèt – vle di Sit Entènèt ka jere epi ki sou kontwòl Konpayi a nan adrès sa https://lotto.ht. Lang ofisyèl Sit Entènèt la se Anglè.

2.19. Retrè – Retrè lajan sou balans kont lan pa Itilizatè a.

3. Registration

3.1. Pou patisipe nan Jwèt la epi achte yon tikè sou Entènèt la , ou dwe kreye yon Kont sou Sit Entènèt.

3.2. Ou sèlman kapab genyen yon(1) kont sou Sit Entènèt.

3.3. Ou ka kreye yon kont sèlman si ou:

    • gen laj legal pou siyen akò obligatwa;

    • Gen plen kapasite ak pouvwa jiridik pou konkli akò obligatwa epi pa entèdi oswa otreman limite pou fè sa konfòman ak lwa ki aplikab la;

    • pa yon sitwayen oswa yon rezidan pèmanan nan yon peyi ki make kòm peyi ki gen gwo risk finansye pa Gwoup Aksyon Finansye sou Blanchiman Lajan an.

3.4. pou kreye yon kont, ou dwe soumèt yon pwosedi anrejistreman. Ou pral bezwen bay kèk enfòmasyon pou kreye Kont lan kap gen ladan, men ki pa limite ak sa sèlman:

    • telefòn ak adrès imèl;

    • non konplè ak non jwèt;

    • dat nesans ak sèks;

    • adrès, peyi, eta, vil, kòd postal;

    • lè zòn.

3.5. Konpayi a ka mande enfòmasyon siplemantè pou pwouve ke ou ranpli kritè ki nan seksyon 3.3 a.

3.6. Konpayi a ka mande w’ enfòmasyon tou osinson reyalize kontwòl epre ou fin kreye  Kont lan pou asire w’ ke ou ranpli kritè ki nan seksyon 3.3 a apre Enskripsyon.

3.7. Konpayi a geb dwa refize yon aplikasyon enskripsyon pou nenpòt rezon.

3.8. Si ou pa ranpli kritè ki nan seksyon 3.3, ou pap ka tilize Kont lan ankò. Nan fason sa, Konpayi a gen dwa sispann oswa fèmen Kont lan.

3.9. Ou se sèl reskonsab fyabilite enfòmasyon ou bay sou Sit Entènèt la.

3.10. Ou pa dwe kreye yon Kont Pèsonèl sou non yon lòt moun.

4. Itilizasyon kont lan

4.1. Ou dwe itilize Kont ou a pèsonèlman.

4.2. Ou se sèl reskonsab pou kenbe modpas kont ou a an sekirite.

4.3. Ou dwe kontakte nou imedyatman ou okouran de yon vyolasyon sekirite oswa yon itilizasyon ki pa otorize de Kont ou a.

4.4. Siw bliye modpas ou a, ou ka re-inisyalize l’ ak adrès imèl ou te bay lè ou tap enskri a.

4.5. Ou se sèl reskonsab pou kenbe ebfòmasyon ki gen rapò ak kont ou a resan. Ou dwe aktyalize tout enfòmasyon ki liste nan seksyon 3.4 la nan paramèt kont ou a.

4.6. Ou gen pou bay Konpayi a enfòmasyon pèman nesesè Pou yo depoze lajan sou Kont ou.

4.7. Ou ka achte Abònman Konpayi a ofri sou Sit Entènèt la. Konpayi arezève dwa pou chanje ak/oswa anile Abònman an. Konpayi a ap enfòme Itilizatèl yo sou tout chanjman ak/oswa anilasyon abònman yo. Nan ka kote chanjman ak/oswa anilasyon abònman an ta fè ke sèvis ou te abòne yo pa ta delivre, Konpayi a ap remèt lajan ou te peye pou abònman an.

5. Konpòtman Itilizatè yo

5.1. Lè w’ itilize Sit Entènèt la, ou dakö pou:

    • pa vyole oswa aisiste nenpòt tyès pati nan vyolasyon kondisyon sa yo ak/oswa nenpòt Lwa Aplikab, ki gen ladan men ki pa limite ak lwa entènasyonal, lwa nasyonal, estati, règlemantasyon etc.;

    • pa bay enfòmasyon ki fo, pa presi, ki pa konplè ak twonpe sou Sit Entènèt la;

    • pa vyole dwa pwopriyete entèlektyèl (mak, dwa dotè, patant, ak lòt dwa pwopriyete entèlektyèl) nenpòt pati;

    • pa itilize Sit Entènèt la nan nenpòt fason ki ka domaje, dezktive oswa satire Sit Entènèt la, ki gen ladan mem pa limite ak telechajman oswa nan nenpòt lòt fason, panadan wap itilize Sit Entènèt la, voye viris, Cheval de twa, lojisyèl espyon, lojisyèl piblisitè oubyen totu lòt kòd malveyan; reyalize atak DDoS, entèfere avèk oswa pètibe tout rezo, ekipman, oswa sèvè ki konekte ak oswa ki itilize pou bay sèvis sou Sit Entènèt la;

    • pa tante gen aksè non-otorize sou Sit Entènèt la, lòt kont, sistèm enfòmatik yo oswa rezo ki konekte ak Sit Entènèt la oswa pou ekstrè done sou Sit Entènèt la;

    • pa pataje kont ou ak/oswa modpas ak tyès pati oswa itilize nenpò kont pèsonèl lòt moun ak/oswa modpas;

    • pa fèn tèt ou pase pou yon lòt itilizatè, yon lòt moun oswa antite, oswa otreman enjis, fo, oswa twonpè; Kreye yon kont pèsonèl nan non yon lòt moun oswa antite sans ou pa gen otorizasyon legal pou fè sa;

    • pa vyole kondisyon ak lwa aplikab sa yo nan nenpòt lòt fason.

5.2. Pandan wap itilize Sit Entènèt la, ou dakò tou pou:

    • itilize Sit Entènèt la pou rezon pèsonèl, pa pou rezon komèsyal;

    • jwe Jwèt la nan akò ak Lwa Aplikab la, kondisyon sa yo, Règleman Lotri yo;

    • kenbe kont pèsonèl ou a an sekirite;

    • aktyalize enfòmasyon kont ou a.

6. Lajan Kont lan, Depans, Limit Jwèt la, ak Retrè

6.1. Ou ka achte tikè sou Sit Entènèt la apre ou fin depoze lajan sou Kont ou a.

6.2. Ou ka achte Tikè sèlman ak lajan ki disponib sou Kont ou a ak/oswa nan magazen fizik.

6.3. Konpayi a rezève dwa pou pou fikse yon minimòm ak yon maksimòm kantite lajan ki ka ajoute sosu Kont lan.

6.4. Konpayi a rezève dwa pou enpoze limit sou kantite tan ou ka jwe nenpòt nan Jwèt yo nan yon sèten peryòd tan.

6.5. Tablo ki apre a prezante règleman transfè Prim pou Tikè gayan ki te achte sou Sit Entènèt la sopu Kont ou:

Valè Total Prim nan Transfè
Jiska epi ki gen ladan 47000 HTG Transfere sou Kont lan otomatikman
Plis pase 47000 HTG Reklamasyon sou randevou ak Konpayi a. Tanpri kontakte nou nan [email protected]

6.6. Tablo ki anab a fikse règleman Retrè yo:

Valè Total Retrè
Jiska epi ki gen ladan 47000 HTG Transfere sou kont anbank 
Pliss pase 47000 HTG Tanpri kontakte nou nan [email protected]

6.7. Retrè Prim ki dwe fèt sou randevou dwe reklame nan yon delè de san katreven de (182) jou.

Apre ekspirasyon delè san katreven de jou a (182) apati dat ou te genyen Prim nan, lajan an ap transfere nan kès Prim nan. Si ou kòmanse pwosesis reklamasyon pou yon Prim nan delè san katreven de(182), jou a, men li fini anvan ou tèmine reklamasyon ou a, wap benefisye sèt (7) jou pou fini Reklamasyon an.

6.8. Ou se sèl reskonsab pou Retrè ak reklamasyon nenpòt Prim.

6.9. Retrè yo fèt apre ou fin bay detay sou Kont an bank ou epi pase pwosesis KYC a (Kat Idantite skane ak yon bòdwo sèvis piblik ki konfime detay kont an bank lan).

6.10. Konpayi a rezève dwa pou anile nenpòt ak tout tranzaksyon ki lakoz nenpòt ki erè pèman. Anilasyon yon tranzaksyon ap antrene yon resyitisyon mityèl pati ki konsène pa tranzaksyon an.

7. Inaktivite Kont lan

7.1. Lajan, ki depoze sou Kont ou konfòmeman ak seksyon 6.1 an, konsève sou klont ou pou mil ywisan vennsenk (1825) apati dènye koneksyon ou sou kont lan. Apre ekspirasyon delè mil ywisan vennsenk (1825) jou a apati dènye koneksyonw sou Kont lan, lajan an ap transfere nan kès prim nan.

7.2. Konpayi a pral oblije pran mezi rezonab pou kontakte pwopriyetè Kont lan nan yon peryòd tan ki fikse nan seksyon 7.1 an, pandan lap itilize enfòmasyon Kont lan.

8. Tèminasyon, Sispansyon, ak Fèmti Kont lan

8.1. Ou gen dwa fèmen Kont ou a definitivman lè ou kontakte nou nan [email protected].

8.2. Nan ka vyolasyon kondisyon sa yo, oswa non-respè kritè ki nan seksyon 3.3 a, Konpayi a gen dwa sispann Kont ou a. Yon Kont ki te sispann pa kapab patisipe nan Jwèt la.

Apre Kont ou a fin sispann, n’ap enfòme w’ sou sispansyon an. Apre ou fin resevwa yon notifikasyon sispansyon, ou gen sèt (7) jou pou anile rezon sispansyon an. Si ou pa anile rezon sispansyon an, Kont ou a ap fèmen.

8.3. Ou ka fè yon retrè lajan sou kkont ki fèmen an nan yon peryòd mil ywisan vennsenk (1825) jou apre fèmti a.

Konpayi a pral oblije pran mnezi rezonab pou kontakte pwopriyetè Kont ki fèmen an pandan peryòd tan sa, pandan lap itilize enfòmasyon Kont lan.

Apre ekspirasyon mil ywisan vennsenk (1825) jou apati fèti Kont lan, Lajan an ap transfere nan kès Prim nan.

9. Sèvis Lotri yo

9.1. Konpayi a ofri sèvis Lotri yo Konfòmeman ak yon Lisans, Komisyon Regilasyon Lotri Nasyonal bay.

9.2. Konpayi a gen dwa refize patisipasyon nenpòt moun nan sèvis Lotri yo ak nan vant Tikè yo.

Konpayi a gen dwa sispann oswa retire nenpòt Jwèt. Si Konpayi a anile Tiraj la, Konpayi a ap ranbouse w’ montan ou te peye pou Tikè a nan Tiraj ki anile a. Ranbousman an ap depoze dirèkteman sou Kont ou. Pa gen entrè kap peye sou nenpòt ranbousman ki fèt.

9.3. Tikè a valab sèlma apre li fin anrejistre sou sèvè Konpayi Sistèm Santral Lotri a. Si gen nenpòt diferabs nan enfòmasyon ant magazen fizik yo ak Ak Sistèm Santral Lotri Konpayi a, done ki konsève nan Sistèm Santral Lotri a ap prime.

9.4. Ou ka achte Tikè sèl man swasant (60) minit anvan Tiraj la.

Konpayi a ka anonse dat fèmti yon Jwèt endividyèl nenpòt lè. Pa gen Tikè kap vann pou Jwèt sa apre dat sa.

9.5. Konpayi a ka ofri Tikè gratis, selon kondisyon Konpayi a pibliye.

9.6. Konpayi a se sèl reskonsab pou valide tout Prim nan Sistèm Lotri Santral la ak/oswa lòt sistèm enfòmatik (si li aplikab).

9.7. Konpayi a ap deklare yon Tikè pa valab lè:

    • Ou menm oswa yon lòt mopun te tante ogmante chans ou oswa lòt moun sa nan Jwèt ki konsène a p rapò ak chans lòt jwè yo benefisye nan Jwèt sa, oswa ogmante Prim sa, oswa otreman vyole règleman Lotri a, ki mennen achte yon Tikè epi patisipe nan Jwèt la;

    • Tikè a se yon kopi, tout oswa yon pati nan Tikè a te falsifye;

    • detay ki nan nimewo Tikè a pa matche ak rejis ofisyèl Tikè sa, ke Konpayi a genyen;

    • Konpayi a gen rezon kwè ke Tikè sa te achte pa oswa nan non yon moun ki pa ranpli kondisyon ki nan seksyon 3.3 a.

9.8. Konpayi a ka deklare yon Tikè envalid lè:

    • Konpayi a gen rezon kwè ke moun ki reklame Prim nan pa mèt Kont lan;

    • Tikè a pa soti nan oswa vann pa Konpayi a;

    • Konpayi a gen rezon kwè ke enfòmasyon moun ki reklame Prim nan bay la pa konplè oswa te modifye oubyen falsifye;

    • yon pati oubyen tout Tikè a defòme.

9.9. Dwa a yon Prim pa ka transfere.

9.10. Konpayi a pa reskonsab oswa gen redevans anvè okenn moun ki reklame yon Prim yo te peye yon moun kite itilize enfòmasyon mèt Kont lan oswa kont pèman ki konsène a.

9.11. Pa gen enterè kap peye sou okenn Prim, ki gen ladan men pa limite ak sa, pandan gen verifikasyon oswa ankèt kap fèt konsènan yon Tikè ki genyen, pandan yon litij konsènan Tikè a oswa reklamasyon yon prim ap opere, oswa pandan yon peryòd kote yon Prim pa reklamab.

9.12. Si ou se yon moun ki gen yon andikap legal, fizik oswa lòt epi ou ap reklame yon Prim, Konpayi an ka remèt Prim nan bay reprezantan otorize ou. Konpayi an gen dwa pou mande prèv lejitim ke yon sèten moun se reprezantan otorize ou.

9.13. Konpayi a pa deside lè, frekans, dat, ak metòd Retrè pou chak Jwèt.

Si yon retrè sispann akoz yon pàn ekipman oswa pou nenpòt lòt rezon, Retrè a ap konplete swivan pwosedi Retrè ki aplikab pou Jwèt sa. Si yon retrè pa ka fèt nan dat ak nan lè ki te fikse a, pi vit rezonabman posib apre dat sa.

Si nenpòt Retrè Jwèt deklare envalid, yon lòt Retrè ap fèt swivan pwosedi Retrè aplikab yo.

Rezilta Retrè yo konsève nan Sistèm Santral Lotri a. Konpayi a ap peye sèlman yon Prim ki baze sou rezilta ofisyèl Tiraj ki konsène a, ki estoke nan Sistèm Santral Lotri a. Konpayi a ka pa aksepte nenpòt pèman pou nenpòt nimewo Tiraj ki anonse nan fason ki pa kòrèk.

10. Kontni

10.1. Konpayi a ka pwodwi ak afiche kontni sou Sit Entènèrt la, ki gen ladan men pa limite ak enfòmasyon, tèks, imaj, fichye videyo ak odyo (ke yo rele ansanm "Kontni").

10.2. Kontni ki sou Sit Entènèt la ka chanje nenpòt lè epi Konpayi a pa reskonsab okenn nan chanjman sa yo.

11. Pwopriyete entèlektyèl

11.1. Tout konpozan ak kontni ki sou Sit Entènèt la ak Sit Entènèt la an jeneral, kontni ki sou kont rezo sosyal li yo (ki gen ladan men pa limite ak Facebook, Twitter, YouTube, LinkedIn) se pwopriyete Konpayi a.

11.2. Sit Entènèt la, kontni, ak materyèl ki disponib sou Sit Entènèt la pwoteje pa, ki gen ladan, men pa limite ak dwa dotè, mak komèsyal, sekrè komèsyal.

11.3. Lojisyèl Lotri Konpayi a itilize pou ofri sèvis Lotri se pweopriyete entèlektyèl GG International Ltd, yon Konpayi ki pran nesans nan akò ak lwa Il Vyèj Britanik yo ke adrès anrejistre li se Trident Chambers, PO Box 146, Road Town, Tortola, Il Vyèj Britanik.

11.4. Sit Entènèt la ak tout kontni ki sou li se pou itilizasyon pèsonèl, enfòmatif ak non-komèsyal ou. Ou pa dwe repwodwi, re-enprime, pibliye, modifye, distribye, afiche, transmèt, lisansye, transfere oswa nan lòt fason, eksplwate kontni swa teknoloji ki sou Sit Entènèt la san konsantman nou eksprime nan fason ekri.

11.5. Vyolasyon nenpòt nan dwa pwopriyete entèlektyèl Konpayi a ak mèt lojisyèl Lotri a fòmèlman entèdi.

12. Lyen ki ale nan lòt kèlkonk Sit Entènèt

12.1. Sit Entènèt la ka gen lyen ki ale nan lòt kèlkonk sit entènèt oswa sèvis ki pa pou oswa sou kontwòl Konpayi a.

12.2. Konpayi a pa kontwole oswa asime okenn reskonsablite konsènan, kontni, politik konfidansyalite, oswa pratik nenpòt tyès sit entènèt oswa sèvis. Konpayi a pa ka reskonsab, nan fason dirèk oswa endirèk, pou nenpòt domaj oswa pèt ki koze oswa sipoze koze pa oswa nan relasyon ak itilizasyon oswa konfyans akòde ak nenpòt kontni, byen oswa sèvis disponib pa oswa atravè sit entènèt oswa sèvis sa yo.

12.3. Pou plis enfòmasyon, tanpri li Kondisyon Itilizasyon ak Politik Konfidansyalite entèn Konpayi a.

13. Reskonsablite pati yo

13.1. Nan ka non-pèfòmans oswa move pèfòman obligasyon li yo swivan kondisyon sa yo, Konpayi a ka ou ap reskonsab nan akò ak kondisyon sa yo ak Lwa ki Aplikab, sof nan ka dispozisyon kontè dokiman sa.

13.2. Konpayi a gen dwa siyale vyolasyon ki ka gen ladan men pa limite ak blanchiman lajan, finansman teworis, ak lòt enfraksyon kriminèl si sa yo te komèt ak lajan ki te tante depoze sou kont ou swivan seksyon 6.1 an.

14. Avètisman ak limit Reskonsablite

14.1. Kontni ak sèvis Lotri ki sou Sit Entènèt la pa ofri ak okenn garanti ni kondisyon, konsènan egzatitid yo, kalite yo, ak adekwasyon yo pou yon itilizasyon oswa bewzen patikilye. Nou pa garanti ke Sit Entènèt nou an pa gen erè, fyab oswa li pral fonksyone sans kanpe.

14.2. Si ou pa satifè de kondisyon yo ak/oswa kalite Sit Entènèt la, ou dwe sispann itilize Sit Entènèt la. Itilize Sit Entènèt la vle di ke ou pa gen reklamasyon kont Konpayi a.

14.3. NAN OKENN KA KONPAYI A, DIRIJAN LI YO, DIREKTÈ, ANPLWAYE, AJAN, AK TOUT LÒT KÈLKONK FOUNISÈ SÈVIS, PA GEN RESKONSABLITE ANVÈ OU MENM OSWA NENPÒT LÒT MOUN OUBYEN ANTITE POU NENPÒT DOMAJ DIRÈK, ENDIRÈK, OKAZYONÈL, ESPESIAL, PINITIF, OSWA KONSEKITIF LI TE KA YE, KI GEN LADAN NENPÒT DOMAJ KI KA SOTI NAN(I) EGZATITID, ENTEGRALITE, OSWA KONTNI SIT ENTÈNÈT SA (II) EGZATITID, ENTEGRALITE, OSWA KONI NENPÒT LÒT SIT ENTÈNÈT KI LYE (ATRAVÈ RAKOUSI, BANYÈ PIBLISITE OSWA LÒT FASON) AK SIT ENTÈNÈT SA, (III) SÈVIS OU JWENN SOU SIT ENTÈNÈT SA OUBYEN NENPÒT LÒT SIT ENTÈNÈT KI LYE (ATRAVÈ RAKOUSI, BANYÈ PIBLISITE OSWA LÒT FASON) AK SIT ENTÈNÈT SA, (IV) DOMAJ PÈSONÈL OSWA DOMAJ MATERYÈL NENPÒT NATI LI TE KA YE, (V) KONDIT YON TYÈS PATI KÈLKESWA NATI LI TE KA YE, (VI) NENPÒT AKSÈ OSWA ITILIZASYON NON-OTORIZE SÈVIS NOU YO AK/OSWA NENPÒT AK TOUT KONTNI, ENFÒMASYON PÈSONÈL OSWA LÒT ENFÒMASYON AK DONE KI ESTOKE LADAN, (VII) NENPÒT SISPANSYON OSWA FÈMTI SÈVIS SOU OSWA KI SOTI NAN SIT ENTÈNÈT SA OUBYEN NENPÒTT SIT ENTÈNÈT KI LYE(ATRAVÈ RAKOUSI, BANYÈ PIBLISITE, OSWA LÒT FASON) AK SIT ENTÈNÈT SA, (VIII) NENPÒT VIRIS, VÈ, ENSÈK, CHEVAL DE TWA, OUBYEN MENM JAN, KI KA TRANSMÈT SOU OSWA KI SOTI SOU SIT ENTÈNÈT SA OUBYEN NENPÒT SIT ENTÈNÈT KI LYE (ATRAVÈ RAKOUSI BANYÈ PIBLISITE OSWA LÒT FASON) AK SIT ENTÈNÈT SA, (IX) NENPÒT PÈT OSWA DOMAJ NENPÒT NATI YO YE KI SOTI NAN ITILIZASYON W’ DE SIT ENTÈNÈT SA OSWA SÈVIS OU JWENN SOU SIT ENTÈNÈT SA KE L’ SOU BAZ YON GARANTI, YON KONTAK, YON TÒ, OSWA NENPÒT LÒT TEWORI LEGAL OSWA EKITAB, E KE KONPAYI A TE ENFÒME DE POSIBLITE YON DOMAJ KONSA OU NON.

14.4. Konpayi a pap reskonsab okenn pèt pwofi, endirèk, espesial oswa pèt endirèk ke ou sibi oubyen enplike ki soti nan retrè yon Jwèt oswa patisipasyon ou non nan yon Jwèt. 

14.5 Tout enfòmasyon ak sèvis ki ofri sou Sit Entènèt la ofri sou yon baz totalman "jan li ye a" san okenn garanti kèlkeswa nati li.

14.6. Tout sèvis Konpayi a ofri, aktivite komèsyal li reyalize sou pwòp kont Konpayi a. Sèvis Lotri yo oswa nenpòt lòt aktivite komèsyal pa esponsorize pa okenn antite, ki gen ladan men pa limite ak konpayi ak platfòm itilize pou komèsyalize sèvis Lotri yo (e.g. Apple, Google elatriye.).

15. Fòs Majè

15.1. Nan ka nenpòt sikonstans fòs ensipòtab (sa vle di evenman ki gen nati ekstrawòdinè oswa ensipòtab) ki rive epi ki depase kontwòl Pati yo e ke yon Pati pa te kapab ni prevwa ni anpeche pou rezon objektiv, si sikonstans sa yo anpeche yon Pati ranpli obligasyon li yo kòrèkteman jan sa ekri nan dokiman sa, delè egzekisyon obligasyon sa, jan sa ye nan dokiman sa ap pwolonje pou peryòd efè sikonstans ensimontab sa yo.

15.2. Sikonstans ensimontab yo gen ladan yo lagè ak lòt operasyon militè, tranblemanntè, inondasyon, ak lòt dezas natirèl, adopsyon lwa ak règleman pa otorite nasyonal ak lokal yo, pàn elektrisite oswa sistèm kiminikasyon oubyen lòt sitiyasyon ki mem jan ak sa ki anpeche Pati yo ranpli obligasyon yo kòrèkteman jan sa ye nan dokiman sa a.

15.3. Yon Pati ki pa gen okenn mwayen pou ranpli obligasyon l’ yo kòrèkteman jan sa ye nan dokiman sa akoz sikonstans fòs majè dwe enfòme lòt Pati a de sitiyasyon sa yo ak peryòd li estime efè yo ap dire a, pa ekri, nan yon delè sèt (7) jou sivil apati dat sitiyasyon an te parèt la (ak prèv evidan ke sitiyasyon an egziste ladan). San sa, Yon Pati ap pèdi dwa pou baze sou sikonstans fòs majè sa yo pou jistifye non-respè obligasyon l’ yo jan sa ye nan dokiman sa.

16. Konfidasyalite ak Politik vi Prive

16.1. Lè ou aksede ak/oswa itilize Siot Entènèt la, ou aksepte kòlèt, estokaj, itilizasyon ak piblikasyon done pèsonèl ou nan akò ak Lwa Aplikab la.

16.2. Enfòmasyon pèsonèl ou bay Konpayi a ak nenpòt lòt enfòmasyon sou itilizasyon w’ de Sit Entènèt la ap soumèt anba Politik vi Prive a.

16.3. Politik vi Prive ki pibliye sou Sit Entènèt la Fè pati entegral Kondisyon yo. Ou ka aksede a Politik vi Prive a Lè ou itilize lyen Politik konfidansyalite a .

16.4. Si ou genyen yon Prim, si lwa a mande sa, Konpayi a ap bay tyès Pati a detay konsènan nenpòt Prim genyen/reklame pa ou oswa remèt ou.

16.5. Ou ka aksede ak wè Istorik Jwèt ou a Ak Istorik Tranzaksyon yo toutotan Kont ou a valid.

16.6. Konpayi a gen dwa mande enfòmasyon siplemantè lè ou reklame yon Prim.

17. Diskresyon

17.1. Diskreyon Konpayi a, Ki rezonabman egzèse nan kad Kondisyon sa yo ak Lwa Aplikab la, definitivman obligatwa.

18. Lwa Aplikab ak Rezolisyon Konfli

18.1. Itilizatè a dakò ke kondisyon sa ak relasyon ki geneyn ant Itilizatè a Konpayi a ap dirije pa lwa Ayiti yo.

18.2. Pati yo dwe degaje yo rezoud pa negosyasyon tout dezakò ki ka rive ant Konpayi a ak Itilizatè a diran peryòd Kondisyon ki nan dokiman sa valid.

18.3. Itilizatè a dakò ke nan objektif pou rezoud konfli ant Itilizatè a ak Konpayi a korespondans pa imèl ak moun ki otorize nan Konpayi a nan [email protected] se yon mwayen kominikasyon efikas ak obligatwa.

18.4. Si pati yo pa ka jwenn yon akò sou konfli a nan yon peryòd trant (30) jou sivil, konfli a ap remèt bay tribinal Ayiti.

19. Dispozisyon Final

19.1. Itilizatè yo dakò pou aksepte Kondisyon sa yo lè yo itilize Sit Entènèt la.

19.2. Itilizatè yo ka sispann itilize Sit Entènèt la nenpòt lè.

19.3. Kondisyon sa yo ap rete an vigè jiskaske Konpay a anile yo. Konpayi a ka anile Kondisyon sa yo nenpòt lè sou pwòp desizyon l’ san eksplike rezon inisyativ sa.

19.4. Si yon kesyon pa trete nan Kondisyon sa yo, yap regle pa Lwa Aplikab la.

19.5. Tèm ak Kondisyon sa yo, Politik Konfidansyalite nou an ak Règleman Lotri yo konstitye entegral akò ant ou menm ak nou tou depan de itilizasyon w’ de Sit Entènèt la.

19.6. Si ou gen kèk Kòmantè, kesyon oswa plent, tanpri kontakte nou nan [email protected].

Genyen l' sou telefòn ou!

Tcheke rezilta yo nenpòt kote ak nenpòt lè avèk esmatòn ou!